lundi 31 octobre 2011

Dlo yon eleman enpòtan.






Dlo se yon eleman ki enpòtan anpil nan lavi yon moun, nou bezwen dlo pou nou lave kò nou, kay nou pi rad nou. Nou bezwen dlo tou pou bwè epi fè manje. Sou kan Taba Isa, depi enstalasyon deplase yo nan espas sa a,se kamyon ki vinn bay dlo sou kan an, dlo a estoke nan yon lye ki fèt pou sa epi li kondwi nan tiyo. Konsa,   deplase yo vin ak bokit ou lòt resipyan pou pran dlo sila a. Dapre kèk deplase nan yon tan ki pa anpil, DINEPA pral enstale tiyo dlo sou kan an. Foto nou pra l gade yo ap ban n  yon ide  kouman deplase yo pran dlo pou yo sèvi.









Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire