jeudi 29 septembre 2011

Kouman asistans la te ye jodi a.

Yon kout je sou patisipasyon jodi a.



patisipasyon jèn yo.

Nan dives espas travay telesant mobil la,jèn yo toujou patisipe,nan leve,enstale materyèl travay yo. Foto sa yo ap temoye patisipasyon jèn yo.

vendredi 23 septembre 2011

Sitiyasyon kan Tabarre Issa.

Papa ak manman pitit kap viv sou kan Tabarre Issa po ko wè sou zafè reouvèti lekòl la ki fikse pou 3 otòb kap vini an,majourite nan yo poun pa di tout pap travay,ni tou yo pa gen okenn aktivite ki ka pèmèt yo rantre lajan. Pwogram lekòl gratis la po ko vle di anyen pu yo,paske okenn otorite pa janm kontakte yo sou sa,e yo pa konn ki demach pou yo fè pou yo ta benefisye pwogram sila a.
Pou sèten ladan yo,grangou ap fè raj sou kan an epi pa gen swen sante pou ni timoun,ni granmoun,refije yo mande pou responsab yo ta akonpaye yo,paske sitiyasyon yo difisil anpil,sèl diferans ki genyen ak kèk lòt kan deplase se abri yo ki pi solid.

jeudi 22 septembre 2011

Lavni plen lespwa

Tout ti krik ti krak nou vle fe bak
Sout sak rive sou nou fe enpak
De fwa nou di lavi pa nou se male
Men kitem ban nou yon ti sekre

Bondye pat fe tout bagay nan yon jou
Pa panse laviw ap tris pou toujou
De fwa nou fe makak jis nou vle fou
Men konnen tout lavi di ap fini yon jou

Konnen soley gen pou klere nan laviw
Konnen Bondye gen plan pou laviw
Selman fok nou ini nou
Fok nou sispann detwi nou

Chaque chose en son temps
Pa di wa gen tan
Sispann fe gran panpan
Epi lavi ap bann bel dan



ecrit le :21/09/11
par      :Bon Amenson
Camp  :Tabarre Issa