vendredi 23 septembre 2011

Sitiyasyon kan Tabarre Issa.

Papa ak manman pitit kap viv sou kan Tabarre Issa po ko wè sou zafè reouvèti lekòl la ki fikse pou 3 otòb kap vini an,majourite nan yo poun pa di tout pap travay,ni tou yo pa gen okenn aktivite ki ka pèmèt yo rantre lajan. Pwogram lekòl gratis la po ko vle di anyen pu yo,paske okenn otorite pa janm kontakte yo sou sa,e yo pa konn ki demach pou yo fè pou yo ta benefisye pwogram sila a.
Pou sèten ladan yo,grangou ap fè raj sou kan an epi pa gen swen sante pou ni timoun,ni granmoun,refije yo mande pou responsab yo ta akonpaye yo,paske sitiyasyon yo difisil anpil,sèl diferans ki genyen ak kèk lòt kan deplase se abri yo ki pi solid.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire