jeudi 22 septembre 2011

Lavni plen lespwa

Tout ti krik ti krak nou vle fe bak
Sout sak rive sou nou fe enpak
De fwa nou di lavi pa nou se male
Men kitem ban nou yon ti sekre

Bondye pat fe tout bagay nan yon jou
Pa panse laviw ap tris pou toujou
De fwa nou fe makak jis nou vle fou
Men konnen tout lavi di ap fini yon jou

Konnen soley gen pou klere nan laviw
Konnen Bondye gen plan pou laviw
Selman fok nou ini nou
Fok nou sispann detwi nou

Chaque chose en son temps
Pa di wa gen tan
Sispann fe gran panpan
Epi lavi ap bann bel dan



ecrit le :21/09/11
par      :Bon Amenson
Camp  :Tabarre Issa

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire